KONPATRIYÒT, FRÈ AK SÈ NOU YO,

Se avèk anpil lapenn MTVAyiti ap konstate soufrans pèp ayisyen an, ki ap vini pi grav chak jou, sitou aprè zak sasinay ki fèt sou Jovenel Moïse. Nou p ap janm sispann mande jistis pou li menmjan ak tout lòt moun ki viktim dènye lane sa yo swa anba bal bandi osinon anba zak represyon lapolis sou popilasyon an pandan mouvman politik yo.

Se yon gwoup ensousyan ki ap pèsiste nan enkonpetans yo ki vin lakoz nou tonbe nan detrès ekonomik, twoub sosyal ak debandad tout enstitisyon nan peyi a. Gwoup moun sa yo pa tande yo pa wè, sèl sa ki nan lide yo se kenbe pouvwa a pou yo ka kache tout kalite krim ke yo komèt pandan dis dènye ane sa yo.

Gouvènman ki la a deja ap machande echèk li ak separasyon ministè yo an ti zanmi. Li klè pa gen okenn lojik konsansis nan sa ki ap fèt la a. Sa vin lakòz li pral difisil pou l rezoud gran pwoblèm yo tankou reyalize eleksyon, bay sekirite, anklanche relans ekonomik lan epi fè apezman sosyal la. Peyi a pa ka pèmèt tèt li tonbe nan yon lòt kriz gouvènans ankò

Aprè tout konsta sa yo, MTVAyiti pwopoze tout aktè yo pou jwenn yon antant solid, ki ap enkli tout pati politik yo, sosyete sivil la ak tout kouch an jeneral pou yo jwenn yon sòti kriz selon kat pwen sa yo :

1. Nòmalizasyon politik.

Fòk gen siyal klè ki montre pèp la gen dirijan onèt e konpetan ki deside rezoud kriz tèrib sa ke l ap viv la e ke yo deside toutbon atake pwoblèm yo nan kòmanse bay sèvis fondamantal yo, kreye lapè pou Ayiti kote viv ansanm nan vin reyalite toutbon :

1.1. Validasyon fòma gouvènans ki soti nan yon antant lajman laj sou baz konsètasyon ant tout aktè politik yo epi sosyete sivil la;

1.2.  Mete kanpe yon gouvènman antant nasyonal ki gen 2 tèt selon lespri konsti- tisyon 1987 la. Dire gouvènman sa pa ta dwe depase 18 mwa. Li ta dwe enklizif epi san pèsekisyon politik. Sa t ap bay gouvènman sa yon lejitimite ki t ap rann li reprezantatif nan zye pèp la e ki t ap ka byen dyaloge ak kominote entènasyonal la;

1.3.  Adopte apwòch verite ak rekonsilyasyon nasyonal la. Diskou rayisman, diskou rasis ki ap mete klas sosyal yo nan hing hang lan dwe sispann. Sa dechire nannan sosyete a lè moun ap pran pretèks koulè po pou voye toya sou moun;

a. Jwenn yon mwayen pou kreye yon kontèks objektif pou tanmen pwosè sou krim finansye yo ak tout lòt kalite masak tankou : Petwo Karibe, Bèlè, Lasalin, Dèlma 32, asasina Prezidan Jovenel Moise, elatriye…;

b. Liberasyon prizonye politik yo;

c. Lanse mesaj klè pou sispann pèsekisyon politik yo ak enstrimantalizasyon aparèy jistis la. Konsa ap gen yon klima konfyans ki kreye.

1.4. Fòk gen bonjan jesyon ki fèt nan kesyon epidemi Kowona a, yon fason efikas epi avèk konpetans. Dwe gen yon komite ki ap jere kesyon an avèk tout rasyonalite e otorite.

2. Sekirite.

Li fondamantal pou gen yon bon sekirite pou pèmèt gouvènman an ateri sou tout teritwa nasyonal la. Sa ki pral mete tout kouch an konfyans, ni popilasyon an ak sosyete sivil la, ni aktè politik yo.

2.1. Ranfòse PNH la. Men aksyon ki ta dwe mennen :

a. Yon nouvo gouvènans nan tèt PNH la;

b. Lanse yon pwogram (Vetting) pou retire move grenn yo nan PNH la;

c. Defini epi aplike yon nouvo doktrin anndan PNH la;

d. Ranfòse efektif PNH la nan rekrite yon nouvo pwomosyon polisye;

e. Bay PNH la prese prese bonjan mwayen lojistik tankou : zam, veyikil, mwayen kominikasyon, elatriye;

f. Ranfòse sèvis ransèyman PNH la ak lòt sèvis ransèyman nan peyi a;

g. Bay fanmi polisye ki pèdi lavi yo nan sèvis yo bonjan asistans epi onore memwa yo;

 

2.2. Remete sekirite nan peyi a.

a. Reyalize operasyon polis pou libere katye cho yo;

b. Pandan nou p ap padone krim ke yo fè, dezame epi reyensere bandi yo avèk pwogram sosyal ki byen defini;

c. Mete sou pye yon Pwogram Ijans Asistans Sosyal pou Deplase yo : Fontamara, Matisan, Bèlè, Site Solèy, Lasalin, elatriye…;

3. Relans ekonomik rapid.

Dènye evenman yo an Ayiti te montre genyen yon estrikti ekonomik ki gen fòskote, e se ak rezon. Se yon sitiyasyon ki dwe kaba. Redistribisyon richès dwe fèt nan kreyasyon anplwa dirab ak opòtinite ekonomik pou klas mwayèn nan ak popilasyon an. Sistèm nan dwe bay tout moun menm chans pou reyisi nan transparans.

3.1. Mete kanpe yon sistèm relans ekonomik rapid rapid nan peyi a.

a. Amelyore resèt Ladwàn ak DGI pandan n ap redinamize yo ansanm ak tout lòt sous revni Leta Ayisyen yo;

b. Redui depans ministè ak Òganis otonòm yo epi redui trendvi Leta a sou baz efikasite;

c. Relanse pwogram sosyal tankou sa ki mande anpil mendèv yo;

4. Eleksyon.

Pou gen yon etadedwa, fòk gen eleksyon pou tout bagay vin tounen nan nòmal yo. Pou rebay tout aktè politik yo ak sosyete sivil la konfyans nan pwose- sis elektoral la epi pou genyen eleksyon lib, onèt e demokratik, li enpòtan pou yo antreprann aksyon sa yo :

4.1. Konstitye yon nouvo KEP ki ap baze sou lespri akò Janvye 2015 yo ki te siyen ant Gouvènman an ak Opozisyon an;

4.2. Reyalize yon odit sou Kat Idantifikasyon Nasyonal la pandan nou enplike ògani- zasyon sosyete sivil la ak pati politik yo nan pwosesis la;

4.3. Lanse yon vas kanpay anrejistreman elektè ki vize 90 pousan elektè ki poko anrejistre yo;

4.4. Pran yon Dekrè Elektoral nan konsètasyon ak aktè politik yo, an akò ak lespri konstitisyon 1987 la pou pèmèt eleksyon enklizif pou dyaspora, pou tout moun patisipe nan eleksyon ekitab, transparan, onèt epi demokratik;

4.5. Reyalize eleksyon jeneral pou tout pòs elektif yo tankou: Prezidan, Senatè, Depite, Majistra, CASEC, ASEC, Delege vil sou baz konstitisyon 1987 la. Pwose- sis elektoral transparan sila ta sipoze mennen nou nan premye tou eleksyon yo nan dènye trimès 2022 (an novanm 2022).

 

Schultz Simpssie Cazir
Sekretè Jeneral

Richard Senecal
Vis-Prezidan Ekzekitif
Responsab Kominikasyon

Dr Èmile Hérald CHARLES
Vis-Prezidan Ekzekitif Responsab Devlopman Politik
Kowòdonaté Nasyonal

Dr Carl FRANÇOIS
Vis-Prezidan Ekzekitif Responsab
Refleksyon Estratejik ak Prodiksyon